English | Español | Kreyòl

Mèkredi 21 Oktòb la, nou pral kòmanse yon mach 4 jou soti Springfield pou rive nan Capitol la nan Columbus pou nou ranfòse repons nou fas ak atak kont kominote Ayisyèn nan Ohio ak atravè peyi a.

Èske w ap vin jwenn nou? Ou ka mache pou 1 jou oswa pou tout 4 jou yo. Tanpri fè nou konnen plan ou yo sou fòm sa a.

Nou mache sou wout nasyonal la pou rive Columbus kòm yon egzanp chwa nou genyen antanke nasyon:Èske nou enkarne akèy, lanmou pou pwochen ak etranje, mizèrikòd ak jistis?Oubyen èske nou pran chemen izolasyon, laperèz, ak dezimanizasyon?

Nou chwazi renmen pwochen.

Kominote Ayisyen an gen 4 demand, ke nou pote bay leta a:

  1. Pwogram monitè cheviy ofisyèlman fini.
  2. ICE soti Springfield.
  3. Retounen Ayisyen ki an detansyon yo bay fanmi yo, ki gen ladan pastè yo.
  4. Estati Pwoteksyon Pèmanan pou Pèp Ayisyen an.

Enskri isit la epi n ap ba ou plis enfòmasyon. Mèsi pou solidarite ou.

Made in Solidarity Tech